Andr? Fouad sou tout plas piblik

The content originally appeared on: Le Nouvelliste

Kisa si pase l? yon pow?t chita sou yon plas piblik ? Kisa li w?, kisa li jwenn ? Kisa li pote pou plas piblik la ? Pa gen yon kote ki pi louvri pou rankont ak lib?te pase lari ak plas piblik. Andr? Fouad f? esperyans lan. Ane a li ap nan Livres en folie av?k yon rek?y pow?m ki vin rap?te nou sa. Se dezy?m piblikasyon l kay edisyon Freda, apr? <> ki te s?ti an 2020.

Fouad Andr? se yon pow?t nou konnen byen nan peyizaj liter? Ayisyen an. Isit kou l?tb? dlo. Anpil l?t pow?t apresye travay li ki rekonpanse plis pase kenz fwa an Ayiti, Kanada ak Etazini. K?m diz?, li f? disk <> an 2018, avan li pibliye <> ki te nomine nan Haitian Awards an 2016. Gwo mizisyen tankou Dadou Pasquet, Wooly Saint-Louis, Erol Josu?, Pierre Rigaud Ch?ry ak anpil l?t ank? travay av?k li.

Fouad Andr? se yon pow?t pyepoudre k ap chache souf douvanjou. Se nan koute bri lannwit, li jwenn etens?l mo yo ; nan f? lawouli sou chimen souvni, fl? Zili fleri devan l. De ti mo, twa ti mo sifi pou pwezi l jwenn van. Si w gade byen, depi nan tit liv yo, w ap w? Fouad se yon pow?t lari. Se nan reyalite a, nan bese leve lavi a, sou plas piblik li tranpe plim li pou kase nou de twa koze.

<<Chak fwa m ekri yon pow?m

K? m louvri tankou moso granri>>

(Adjae, p. 11)

Fil elektrik, pankat, kanivo, l?pasan, chen, paten awoul?t, fen?t, kalfou, lantouray tout sa lari pote trav?se pow?m yo. Ak pow?t la nou chita sou plas piblik, n ap pran j?f, nou p?di nan gade chive fanm k ap vante lavi.

<<Sa k ta di sa k? m ta tonbe

Ri ank?

L? bri lari

Te fin dezabiye sy?l mwen>>.

(Ank?, p. 23)

Malgre tout plezi ou ka pran nan lari a, li ka v?l? r?v ou, f? l tounen lafimen nan recho dife, li ka twaze lonbray ou. Nan lari ou ka defigire. Lari ka tire, ou ka mouri sou plas piblik. Lari riz?z, li ka ri w.

Gen yon chan leksikal dlo (lanm?, rivy?, lapli, lakansy?l…) nan liv sa a ki ta sanble pa gen anyen pou l w? ak lari ni plas piblik. Men si w gade byen, w ap w? pr?ske tout avantirye nan lemonn toujou ent?rese ak lanm?. Ki pi gwo wout, pi gwo plas piblik pase lanm? ? L? yon moun p? benyen nan lanm? pa b? isit, li konn mache di toutotan li pa w? yon pwason sou plas piblik li p ap janm al nan lanm?. Prezans lanm? nan pow?m yo ta sanble vle demanti sa.

<<Mwen p?di nan sekous batofou

Arthur Rimbaud t ap gade

Li pran ri riy?l l?pasan>>.

(Batofou, p. 15)

Sa nou kl? sou li, pow?t la renmen lanati. Papiyon, pyebwa, sy?l, sole, douvanjou, van f? kenken nan rek?y sa a. Yo pa jis la pou f? b?b?l, abiye fraz, f? <>. Anpil fwa, yo se p?sonaj, yo se nannan pow?m lan. Se nan sans sa a pow?t la di : <>

Si m ta pran pou m pale sou <>, m pa t ap fini. Gen anpil dekouv?t yon lekt? ka f? nan liv sa a. Teknisyen yo ta ka chache dekouvri nan ki kouran Fouad ye, ki travay li f? sou lang krey?l la, yon lang li metrize tr? byen, ki enfliyans li sibi, elt. Men nou menm nou te prefere gade pito kisa Fouad, pyepoudre devan Let?n?l, dekouvri sou plas piblik, kisa plas piblik di pow?t la. Pafwa, pow?t la ap pale ak/sou anmour?z li, men lekt? pa fin konnen si se yon fanm osnon si se plas piblik la.