<> Boukman Eksperyans

The content originally appeared on: Le Nouvelliste

Soti nan parisyon Boukman Eksperyans nan lane 1987 pou rive jouk jounen jodi a, vwa mesyedam yo pa janm kouri pou rayalite peyi dAyiti. Egzakteman, t?ks kanaval 2015 Anasi a ranmase tout sitiyasyon sosyete ayisy?n nan ap konnen yo.

Efektivman, t?ks kanaval sila, ki sezi kont?ks la osnon tout bonsans koze manje bliye ki sanbe envizib nan konsyans nou, par?t ak yon plent sou vizaj :

Rele ginen yo

N angaje

Rele ginen yo

N angaje

Rele ginen yo

N angaje

N ap mande

Kot lwa yo ye (bbis

Jezi o

Jezi ooo

Jezi o

Jezi ooo

W a ban mwen f?s

Retire ponya nan do mwen (bis)

Tanto se yon revandikasyon sosyal, tanto se yon paw?l politik k ap dangoye nan yon langay mistiko-kiltir?l pou sa regle yon koze moun ak byenn?t dinamik sosyal la boude. Pet?t, se yon rekesyonnman yon sivilizasyon ap f? sou t?t li k?m baz estriktir?l yon etnik vizavi de sa zans?t yo te defini ba yo k?m val? osnon fason y ap reflechi sou sa yo genyen pandan y ap chache bouske sa yo bezwen ak sa yo dwe genyen fas ak yon sist?m ki ta sanble vle f? yo dispar?t ?

Dab? mizik k?m eleman sansory?l pran yon seri siyifikasyon ki f? li sal ye a. Anf?t, kisa diksyon? Le Robert porche di sou li ? Kisa Larousse menm di ? Selon Le En, mizik se za pou konbine son atrav? yon seri r?g varye selon lye ak ep?k yo epi ?ganize yon dire av?k diferan eleman ki se pwodiksyon mizik la menm. Pou Larousse, se sa ki p?m?t l?m lan eksprime l pa ent?medy? yon seri son.

Avan ep?k kontanporen an, kouman sa te ye ?

Sou ep?k primitif, mizik pa t toujou yon syans patikilye. Men, nan yon sans, se te tout syans ak tout sa ki enplike lespri ak lide yon choz agreyab epi byen ?done. Lakay Ejipsyen yo selon Platon, mizik genyen pou r?g yon ansanm m?s ak etablisman yon seri bon koutim. Selon Pythagore, Ast yo nan pw?p mouvman pa yo f?me yon mizik sel?s. Kidonk, tout sa yo f? li yon syans osnon anplwa yon bann son yo rele rasyon?l, s?tadi ki rantre nan yon ech?l ki se gam ; sans sa a menm par?t soti dir?kteman nan lek?l Arist?t.

Vini sou chimen sa yo, nou kapab di mizik la se kapasite entuitiv l?m nan genyen pou l konbine son de fason melodik, ritmik ak amonik. Konsa genyen div?s kalite mizik.

Nan rit mizik espesyal sa ki se rasin nan, mesyedam Boukman Eksperyans yo, nons?lman pran tan yo, pran san yo pou rive byen travay mo yo pandan tou y ap defann yon k?z politik ak yon bon amoni.

Li kl?, t?ks Anasi Anasi Boukman Eksperyans lan antre dwat nan patrim?n imatery?l p?p ayisyen an kote l ap djangoye nan imajin? nou ak kotidyen nou chak jou ki jou. T?ks sa se ekspresyon menm enjerans loksidan k? gwoup, pi presizeman Blan meriken, Lafrans ak Kanada sou peyi papa Desalin nan.

Se ki l? delekans kominote ent?nasyonal enperyalis la ap sispann f?t nan peyi a ? Nou pa konnen ! Se ki kote bagay sa yo ap mennen nou ? Nou poko konnen !

Antouka, annou savoure tikal sa a nan t?ks la :

Anasi Anasi

Ou pa on?t o !

Gad jan w ap kraze kay la

Anasi Anasi

Ou san konsyans o !

Gad jan w ap kraze kay la

Ou d?mi

Ou manje

Ou bw? dlo

Epi

W ap kraze kay la (bbis

Kisa nou dwe konprann nan sekans chan sila ?

Sanba a limenm k?m tibondje sosyete a ak temwen reyalite kotidyen yo selon ep?k la, ap eseye dekri yon senaryo bannou atrav? yon figi estil metaforik ki pran yon sans pliry?l nan dinamik oraliti a. Kote nan yon premye nivo ou kab gade Anasi a nan yon kons?p abstr? blan enperyalis yo ki pa l?t bagay, yon p?sonifikasyon estorik oubyen enperyalis-kiltir?l.

Yon l?t kote, ou kab gade l tankou yon otokritik yon eleman nan menm klas popil? a. Nan sans sa, sij? politik ki souvan soti nan sen mas la toujou senje t?t yo an nouvo kolon nwa pou sist?m neyoliberalis-esklavajis la ka perenize t?t li epi kenbe p?p la nan miz?.

Kisa oraliti a ye menm ?

Oraliti, se mo-valiz ki par?t nan fen XX?m sy?k la, ki vle di anmenmtan yon pwodui epi yon pwodiksyon kominot? e popil? ki gen karakteristik sosyetal yon tradisyon oral. Konsa, li genyen k?m mak konfigirasyon mitolojik kominote li soti a. Selon Maximilien Laroche (1991 :15), t?m <> la te rive pwopoze av?k dokt? Ernest Mirville, nan jounal Lenouvelis 12 mai 1974 pou tante montre pwobl?m epistemolojik ki poze nan ekspresyon <> la atrav? yon oksim? e ki sanble lye tou ak yon preponderans (osnon preseyans) ak?de ak lekriti sou Loralite alafav? yon tradisyon ki tabli yon m?d ans?yman. Def?t, nan yon ent?vyou ak?de ak Pierre-Raymond Dumas pou revi konjonksyon dokt? Mirville te endike <> (1984 :162).

Pami div?s f?m ki pran oraliti a annotaj, dokt? Mirville te presize : <> ( Dumas 1984 :162).

Pilwen nan yon l?t atik nan menm nimewo konjonksyon an, dokt? Mirville rive elaji iniv? oralti a av?k orezon fin?b yo atrav? chante-pwent yo epi chante lwa yo, elatriye.

Pout?tsa, imaj metaforik Anasi sanba Th?odore Junior Beaubrun, alyas L?l? a se yon katografi sireyalis ki rantre dwat nan monn imajin? kreyatif p?p ayisyen an. Yon figi doub sans ki sezi yon kont?ks doub k ap kontinye dangoye nan vi patrimw?n imatery?l ak kiltir?l p?p ayisyen an.