Komedyen René Fiallo ki te di peye Babekyou pou bloke kanal sou rivyè Masak la mouri jodi samdi a.
René Fiallo ki se yon selèb komedyen nan peyi Repiblik dominikèn mouri jodi samdi 16 septanm lan aprè t ap soufri akòz pwoblèm sante. Li te koni pa bò isit nan yon videyo ki t ap sikile ki te montre l ap iwonize travay kanalizasyon rivyè masak la epi te deklare pou yo peye Babekyou pou bloke travay yo. Nouvèl lanmò li ki rapòte pa medya dominiken yo fè anpil entènot ayisyen reyaji sou entènèt la.
René Fiallo se kreyatè show “El Bufeo” nan jounal El Nacional. Li mouri nan sant dyagnostik Cedimat an Repiblik dominikèn. Kò li twouve nan mòg Blandino.
Imoris la mouri kite 4 pitit. Li te vin selèb nan ane 1982. Li patisipe nan plizyè show pandan karyè komedyen li.
Vizaj li te vin koni an Ayiti pou deklarasyon li te fè yo sou kesyon kanalizasyon rivyè masak la.
Dekouvri plis:
Le Gouvernement exprime ses préoccupations pour la sécurité des ressortissants haïtiens en République Dominicaine à l’ambassadeur Farouk Miguel