Lang krey?l k?m zouti rezistans nan lit pou endepandans Ayiti

The content originally appeared on: Le Nouvelliste

22 dawout 2022 a mennen selebrasyon 231?m aniv?s? soul?vman jeneral esklav yo nan koloni Sendomeng nou konnen jounen jodi a sou non Ayiti. Nan kont?ks aniv?s? sila a, Akademi Krey?l Ayisyen (AKA) resevwa, jou vandredi 17 dawou a, istoryen Pierre Buteau ak pwof?s? Kenrick Demesvar pou yon brase lide sou w?l ak enp?tans lang krey?l nan mouvman soul?vman sila a ki okipe yon plas fondamantal nan endepandans peyi Ayiti k?k ane apre.

Nan okazyon selebrasyon 231?m aniv?s? soul?vman jeneral esklav yo nan koloni Sendomeng yo rele Ayiti jounen jodi a, Akademi Krey?l Ayisyen ?ganize vandredi 17 dawout 2022 a, sou platf?m Zoom, a 10? nan maten, yon konferans deba sou t?m <>. Se pwofes? Pierre Buteau, istoryen, direkt? Soci?t? ha?tienne d’histoire et de G?ographie ak pwofes? Kenrick Demesvar, Dokt? nan etnoloji ak patrimw?n, responsab ch? UNESCO an istwa ak patrimw?n nan Iniv?site Leta a, enstitisyon an te chwazi k?m ent?venan. Konferans sila a te mobilize plizy? kad nan enstitisyon an ak l?t p?sonalite tankou reprezantan p?manan Ayiti nan UNESCO, anbasadris Dominique Dupuy. Prezidan Akademi an, lenguis Rog?da Dorc? Dorcil, ki ouvri konferans lan, f? konnen randevou sa a antre nan kad yon seri inisyativ AKA a antrepran depi mwa fevriye pase a pou li envite espesyalis ak p?sonalite k ap evolye nan tout dom?n lakonesans pou vin boukante sou tout kalite sij? ki kons?ne lang krey?l.

Lang krey?l la se pwodui yon fenom?n transkiltiralite

An patan, pwofes? Pierre Buteau souliye lang krey?l la se pwodui yon fenom?n transkiltiralite. Kidonk, rezilta rankont brasaj plizy? kouran kiltir?l (ewopeyen ak afriken), kote kolon franse yo ak esklav yo, ki te soti nan plizy? etni afriken, te vin pataje menm espas. Kouran kiltir?l sila yo vin bwase ak yon l?t kouran ki t apral vin pran nesans nan koloni an menm apati esklav yo ki te genyen diferan apatenans etnik. Ki f?, relasyon ki pral devlope ant m?t yo ak esklav yo vin kreye nesesite pou gen yon mwayen kominikasyon. Pwofes? a kontinye pou li di fenom?n kreyolizasyon an ki soti anndan menm transkiltiralite sa a p ap rete nan kesyon lenguistik s?lman, men tou li pral fofile k? l jouk nan fason moun ki te abite koloni an t ap viv.

Lang krey?l: zouti rezistans, mwayen kominikasyon

Pwofes? Pierre Buteau raple, s?man Boukmann nan (gen moun ki rele l lapriy? Boukmann tou) ki te mete van nan vw?l gwo soul?man lannuit 22 pou debouche sou 23 dawout 1791 lan, se an krey?l li te f? l. Nan gwo seremoni sa a, se lang krey?l Dutty Boukman te itilize pou li sansibilize esklav yo, moute t?t yo pou yo rev?lte yon fwa pou tout kont babari Blan franse yo ki t ap pase monite yo anba pye.

B? kote pa l, Dokt? Kenrick Demesvar raple se pa t s?lman esklav yo ki te konn pale krey?l nan koloni an. Genyen kolon franse ki te konn degaje yo an krey?l tou. Li f? konnen te menm genyen anons nan koloni an yo te konn f? pase an krey?l. Nan sans sa a, pwoklamasyon L?ger-F?licit? Sonthonax te f? nan dat 29 dawout 1793 pou te aboli lesklavaj nan koloni an, se yon egzanp ki byen tonbe. Nou panse Deklarasyon sila a se yonn nan premye t?ks politik ofisy?l ki f?t nan lang krey?l la. Nan batay pou soti anba b?t kolonizasyon ak lesklavaj, responsab ch? UNESCO an istwa ak patrimw?n nan Iniv?site Leta a f? sonje, se lang krey?l esklav yo te itilize k?m <> Pwofes? Demesvar, ki pran Moreau de St-Mery k?m referans, esplike piske K?dNwa a te ent?di esklav yo itilize lang afriken yo yon fason pou yo yonn pa t ka konprann l?t epi konsa pou yo rete ap sibi abi kolonizasyon an, yo te itilize (esklav yo) lang krey?l la pou degaje fristrasyon ak kol? k ap bouyi anndan nanm yo, rakonte tout sa ki nan panse yo, rakonte miz? yo, santans yo, kalamite yo, endiyasyon yo, chagren yo, soufrans yo, aspirasyon yo ak tout kalte doul? k ap manje k? yo pa anndan. Se lang krey?l la, pou n repete Dokt? a, ki te ede esklav yo konbat santiman izolman ki te abite yo apre kolon franse fin derasinen yo sou kontinan afriken an pou mete yo nan lanf? Sendomeng, lwen fanmi yo, lwen zanmi yo. Youn nan paw?l puisan an krey?l (toujou dapr? sa Dokt? Demesvar), esklav yo te konn repete pou renouvle en?ji ak j?vrin yo, pou motive yo mache pran blan franse yo ki te vle kenbe yo nan sist?m demounizan esklavajis ak kolonyalis la, se : <> S on paw?l majik div?s gwoupman toujou kontinye itilize jounen jodi a nan kad mouvman pwotestasyon yo; l? bwa a mare n?t.

Lang kreyol pa t s?l mwayen kominikasyon nan mitan esklav yo

Dokt? Kenrick Demesvar aprann se pa s?lman lang kreyol esklav yo te konn itilize k?m zouti rezistans oubyen mwayen pou yo kominike antre yo pou derasinen sist?m dominasyon ak eksplwatasyon yo te enpoze yo a. Ch?f esklav yo sitou te konn itilize lanbi pou bay sinyal; yo te konn s?vi ak dife, lafimen pou pase konsiy soti nan yon pwen rive nan yon l?t. Tanbou, kanno te jwe tou yon w?l enp?tan nan dinamik mouvman an, dapr? pwofes? a.

Konferans lan dewoule nan yon kad ki te fasilite anpil b?l echanj ant ent?venan ak patisipan. Boukantay yo te chita sitou sou nesesite pou Leta ayisyen ak sosyete a an jeneral konsakre plis plas pou lang krey?l la tout moun adm?t ki te okipe yon plas m?tr?s nan yonn nan pi gwo revolisyon tan mod?n yo. Lang krey?l la, tout moun mete dak? sou sa, dwe jwenn plis konsiderasyon nan aktivite ak nan espas f?m?l yo; dwe genyen bon jan pwodiksyon syantifik, nan dom? tout dom?n, ki f?t nan lang Konstitisyon ayisyen an rekon?t k?m s?l lang ki simante alawonnbad? tout Ayisyen.

R?agir ? cet article

Please enable JavaScript to view the comments powered by Disqus.