Soti nan jijdepè rive nan rapè, nèf ayisyen bay dizon yo sou yon entèvansyon etranje an Ayiti

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

« Nou nan yon enpas. »

Dumas Maçon

Atik sa a te pibliye deja an anglè nan The New Humanitarian :  https://www.thenewhumanitarian.org/news-feature/2023/11/09/what-haitians-make-of-foreign-intervention

Nan mwa oktòb 2023 pase a, Konsèy Sekirite Nasyonzini an otorize yon fòs entènasyonal vin ede Ayiti konbat vyolans gang yo. Men, kisa ayisyen yo, yo menm, vrèman panse de sa ?

Alòske Palman ak tribinal peyi Kenya yo ap diskite pou konnen si yo ta apwouve òf pou dirije yon deplwaman an Ayiti – se papyon misyon « Nasyonzini pou tabli lapè », men pito yon fòs polis entènasyonal Etazini ap apiye epi finanse – New Humanitarian chita pale ak ayisyen ki soti nan plizyè kouch sosyal e k ap fè diferan metye nan sosyete a pou ranmase dizon yo sou sa.

Ayiti ap soufri anba yon kriz imanitè k ap grandi. Mete sou gwo grangou ak povrete,  sitwayen yo k ap fè fas ak ensekirite ak anachi ap chèche yon soulajman. Soti nan jijdepè rive nan moun ki oblije kite kay yo akoz ensekirite, pase nan polisye akrapè, yo eksprime yon santiman melanje konsènan yon entèvansyon etranje nan peyi a.

Nasyonzini te apwouve fòs la nan kòmansman mwa oktòb la, yon ane apre Premye Minis defakto Ariel Henry te mande sa. Peyi Kenya te pwograme pou dirije misyon an. Sepandan, pi gwo tribinal nan peyi sa a te bloke deplwaman 1,000 ofisye polis li yo apre politisyen opozisyon nan Kenya te depoze yon pwosè pou di desizyon sa a enkonstitisyonèl.

Pandanstan, minis Enteryè Kenya a, Kindiki Kithure, te reponn ak enkyetid k ap grandi nan peyi l sou misyon an lè li te di : « Kenya p ap pèmèt twoup li yo soti nan peyi a pou ale an Ayiti jiskaske nou jwenn tout resous ki nesesè yo, sa vle di ekipman ak finans. »

« Eta manm Nasyonzini yo pral peye pri deplwaman an atravè yon kontribisyon volontè », Kithure te ajoute nan yon pòs sou X, platfòm medya sosyal yo te rele anvan Twitter.

Jiska yon douzèn peyi, tankou Kenya, pran angajman pou sipòte fòs la. Etazini ap pouse lide sa a lontan, li di li esansyèl pou retabli sekirite anvan nouvo eleksyon ka fèt nan peyi dAyiti.Nan yon reyniyon Asanble Jeneral Nasyonzini lendi 18 desanm pase a, Ambasadris ameriken Linda Thomas-Greenfield te anonse « gen yon akò ki jwenn ak peyi Kenya sou jan operasyon an pral dewoule ak jan pou yo itilize lafòs lè ‹ misyon plizyè nasyon pou soutni sekirite an Ayiti › a pral deplwaye. »

Sou bò pa l, Premye minis Henry te enstale kòm lidè defakto depi jiyè 2021, apre asasina Prezidan Jovenel Moïse – yon evènman ki mennen yon ogmantasyon egzajere vyolans gang yo epi febli pi plis toujou enstitisyon Ayiti yo.

Gen kèk moun ki gen gwo dout sou yon fòs ki pa enplike ayisyen an premye, kote manm yo pa pale ni fransè ni kreyòl epi ki gen dosye vyolasyon dwa moun sou do yo.

Gen lòt ki gen espwa misyon an pral kraze gang yo, ki kontwole pi fò nan kapital la, Pòtoprens, plis zòn ki antoure l yo, ak gwo pati nan depatman Latibonit.

Annatandan, vyolans gang yo pouse do plis pase 200 000 moun ki oblije kite kay yo, 44 % nan popilasyon an ap fè fas a ensekirite alimantè grav, plis pase 2,400 mounmouri nan vyolans gang sèlman ant mwa janvye ak mitan mwa dawout 2023, san konte pil ak pakèt fanm ki vyole ak divès lòt krim san lajistis pa kondane k ap grandi.

Yon sondaj Rezo Sante Ayiti te pibliye nan dat 31 oktòb 2023 la te montre 70% nan apeprè 1,600 moun ki reponn yo te anfavè misyon an. Men, anpil lòt renka renka, sitou lè yo sonje sa ki te pase ak MINUSTAH – misyon “estabilizasyon” Nasyonzini yo te akize de abi seksyèl ak eksplwatasyon, epi ki te pote yonepidemi mòtèl nan peyi a : kolera.

Temwayaj ki vin apre yo (nou te korije yo pou yo ka pi kout ak pi klè), revele sa ayisyen ap fè fas chak jou, ak lide yo sou deplwaman yo fòs sekirite etranje nan peyi yo.

Mario Andresol, 63 lane, ansyen kandida pou pòs prezidan (2016), epi ansyen direktè Polis Nasyonal Dayiti soti 2005 pou rive 2012: « Moman kote nou te ka rezoud kriz la pou tèt nou an, nou rate l. »

Mario Andresol, ansyen direktè Lapolis nasyonal, Pòtoprens, 11/2/2023

« Anvan, ann Ayiti, te gen yon pwoblèm sekirite piblik, mete sou sa, vin yon pwoblèm sekirite nasyonal, paske nou pèdi kontròl teritwa a. Jodi a, nou pa gen enstitisyon ki kapab reponn ak defi sa yo. »

« Te toujou gen ti bandi ki te konn fè krim, men yo te kenbe yo. Nan ane 2010 yo, sitiyasyon an te deteryore rapidman lè Polis Nasyonal Dayiti (PNH) te pèdi kontwòl zam k ap antre souteritwa a, e an menm tan, gang yo te devlope byen vit. Li te vin tounen yon pwoblèm sekirite nasyonal ki ale pi lwen pase sa polis ayisyen an ka fè… Moman kote nou te ka rezoud kriz la pou tèt nou an, nou rate l. »

« Kòm Ayiti pa gen lame kounye a, nou bezwen yon sipò ame – ki ka soti nan Kenya pa egzanp – ki kapab ede nou reprann kontwòl teritwa ki pèdi yo. Men lapolis ayisyen ap kontinye gen yon wòl pou l jwe. Yon fòs entènasyonal ka entèvni pou yon tan byen kontwole pou demonte gang yo nan katye yo, men travay sekirite chak jou a dwe tonbe sou do lapolis nasyonal la, ki konnen teritwa a epi ki gen yon relasyon dirab ak popilasyon an. Se yo menm ki dwe asire sekirite pèp ayisyen an chak jou. »

Jean Léonard Tout-Puissant, alyas Izolan, 42 lane, rapè, manm gwoup popilè Barikad Crew: « Viv Pòtoprens se tankou viv nan prizon. »

Jean Leonard Tout-Puissant, Izolan, rapè, Pòtoprens, 11/2/2023

« Jodi a, nou gen yon peyi ki pa egziste. Ayisyen ap dechire youn lòt, y ap denigre youn lòt. Mwen fèt isit, mwen ap viv isit, men sitiyasyon an dekourajan. Tout atis ayisyen ap chèche deplase pou ale aletranje paske pa gen anyen k ap mache isit. Pa gen pwogram, pa gen afich, ou pa wè kote sa prale. Viv Pòtoprens se tankou viv nan prizon. Nou bezwen yon solisyon. »

« Pi mal, lè w se yon atis ayisyen epi yon chèf katye (se konsa li rele chèf gang yo) mande w vin jwe pou li, ou oblije al jwe si se pa sa ou ka pèdi lavi w. Men, ou riske lavi w tou si w ale, paske lapolis konn tire sou nou lè yo wè nou antre nan katye sa yo… Sèl solisyon se kite peyi a. Men nou tout papka kite peyi a. »

« Mwen an favè yon fòs ame ki pou vin ede nou. Pa pou maltrete nou, men pou ede nou…

Nou espere pwochen fòs la ap travay ak PNH pou ranfòse enstitisyon yo, epi kite yon bagay pou peyi a lè yo ap kiteAyiti. »

Paul W. 39 lane, (pou rezon sekirite, nou chanje non l), li se chofè, li pami moun ki te kouri kite Kafoufèy yo : «  menm yon fòs etranje paka chanje sak gen la a. »

Kan moun ki kouri kite kay yo nan gimnasyòm Vincent, Pòtoprens, 11/2/2023 Photo : Dumas Maçon

« Yo te kidnape m nan dat 23 janvye 2023. Bandi ki te gen anpil zam te antre lakay mwen a 5:45 nan maten. Mwen te pè anpil pou madanm mwen, pitit mwen yo ak pitit pitit mwen yo ki te avè m. Mwen te pase yon semèn ak de jou nan men kidnapè yo. Finalman, yo te lage mwen apre fanmi m te peye yon ranson. Erezman, anpil zanmi te ede nou finansyèman ak sikolojikman pase move moman sa a. »

« Jodi a, mwen enkyete pou moun mwen renmen yo ak pou tèt mwen, men mwen sitou enkyete pou peyi a. Ensekirite a fè anpil viktim, sitou nan mitan klas mwayen ak travayè a… Sitiyasyon an vin tèlman eksplozif peyi a riske kraze an miyèt moso. Men mwen pa vle kite peyi a. Mwen se yon pwofesè lekòl ak inivèsite, mwen se prezidan Sosyete Ayisyen Istwa, yon òganizasyon ki gen yon syèk. Mwen gen yon istwa ak peyi sa a ki fè m rete isit la. »

« Ensekirite ki genyen jodi a se sèlman yon pati nan pwoblèm nan. Kriz la fon anpil : Se yon kriz enstitisyonèl – yon kriz Letaa. Gang jodi a se yon ekspresyon efondreman sa a. Lè [Jean-Claude] Duvalier (ansyen prezidan Ayiti) tonbe, nou detwi tout enstitisyon nou yo, kòmsi peyi sa pat janm gen enstriman pou rezoud kriz li yo e pa janm gen tradisyon politik. Anplis de sa, kominote entènasyonal la, Etazini ak Ewòp oksidantalkontwole, pran dwa pou dirije zafè mondyal yo ak aplike demokrasi nan peyi tankou Ayiti nan fason pa yo. »

« Fè yon fòs entènasyonal vini ann Ayiti se yon gaspiyaj tan. Lòt peyi tankou Aljeri te rezoud kriz ensekirite yo poukont yo. Nou ka rezoud pwoblèm sekirite nou an tou si nou mete kanpe yon sistèm sekirite global epi kreye yon polis militè espesyalize ak menm disiplin ke lame a te genyen. E an menm tan, nou gade pwoblèm enstitisyonèl fondamantal la. »

Otè : Dumas Maçon

Editè : Daniela Mohor ak Tom Brady.

The New Humanitarian mete bon jan kalite jounalism ak endepandans nan sèvis plizyè milyon moun kriz imanitè afekte atravè mond lan. Jwenn plis enfòmasyon sou : www.thenewhumanitarian.org.

Dekouvri plis:

Une centaine d’étudiants des universités publiques et privées ont participé à un sommet sur la diplomatie et l’économie