Chapo t?ks la demare konsa :
<< Pa pousuiv vwal
k ap bay van defi sou dlo
l? jile sovtaj ou degonfle
gen de van k vante
se tout lanm? a ki fad >> (p. 11)
Depi la, ot? a lanse yon mizangad ki mande vwayaj? yo pou yo pran men yo, sa vle di aplike prensip ak pridans pou evite f? nofraj nan vi sa. Sa ban nou lide ke ot? a p ap f? pwezi pou b?l v?.
Sovtaj se yon t?ks ki ka itilize pou atelye ekriti pwetik. Pou ot? a f? chemen an, li itilize premye pati t?ks la k?m yon s?n ekspozisyon kote non s?lman l ap montre nesesite pou pale lang lan : <> (p. 16), <> (p. 17), men tou li klarifye konsepsyon l sou pwezi mod?n nan :
<< P ou kounye a
pow?m pa gen m?t
v? yo lib
tout pwen envizib >> (p. 19)
<< men chak v?
se yon liy brize
k ap apante figi lenfini >> (p. 20)
An menm tan, Isaac konsevwa pow?t la k?m yon b?s f?jewon k ap fonn f?m, fon ak son mo yo pou kreye yon seri imaj ki touche emosyon ak sansiblite lakay lekt? a. Day? ot? a di <> (p. 21). Se yon v?s? senp, men tr? kreyatif ak pwosede liter? ke yo rele anagram nan (imaj/maji). Yon pwosede ki ent?rese pow?t (mod?n) menm jan ak lenguis. Pou ot? a ka byen jwe ak lang lan, li itilize anpil kalanbou ki mande pou pote atansyon ak sa w ap tande si t?ks la ap li, tankou :
Kote lang jwenn dan pou ri (p.15)
Menm ajenou / p?sonn pa ka gade w ak je ni (p.29)
Asasen ak sen pati / menm ochan pou tout moun (p.63)
Di mil liv t? se pa pri-m / men kle bitasyon m (p.64)
Li pi konplike pou ekri yon pwezi senp, sitou an krey?l, san tonbe nan py?j eslogan oubyen pale yon paw?l san okenn anprent atistik. Pou montre rich?s lang lan, Isaac jwe sou chan ou posiblite semantik mo yo. Chan leksikal yo byen marande youn ak l?t, sa ki fasilite nenp?t lekt? rep?torye tematik ot? ap trete nan chak (gwoup) pow?m. Yon l?t kote, pow?m yo chaje iwoni, sitou pow?m satirik yo.
<< Tan maske figi l
li f? de kout loray
pye lapli kase l tonbe
sou font?n madan Kolo
sous dlo je pete nan tout k? vil la
P?toprens chavire t?t anba
leta ri l ri jouk tout moun fin peri >> (p. 39)
Sovtaj pa yon bib, se yon gid pou vwayaje nan pwezi krey?l la av?k yon seri pow?m tou kout ki sanble t?t koupe ak v?s? e ki file dous nan yon langaj senp, men pwofon e ki gen yon sousi didaktik. Kidonk menm l? ot? a ap jwe ak mo yo, men l p ap f? jw?t. Chak kou-siprann se yon doum gaz. Degre refleksyon yo depase kantite v? pow?m yo. E nanm imajinasyon ot? a mare byen di ak tradisyon ou kilti ayisyen an pandan l ap f? referans ak l?t kilti.
<< Yon fl? l? klere pase lasir?n
pouse sou zile a
yon b? sol?y yon b? bazilik
pafen l bout jouk loksidan
py?s sanba pa t konn dekou
anvan nich g?p pany?l yo
si gen dout sou Om?
Safo n se r?n Anakawona >> (p. 18)
Ekri sou yon z?v se kreye yon l?t z?v. Yon l?t z?v k ap siyifye z?v la, menm si l pa ta ale nan sans ot? a. E se sa ki p?m?t Antoine Compagnon f? diferans ant siyifikasyon e sans. Sitou nan z?v liter? yo nou jwenn sa nou ta rele yon lekti pliry?l. Kidonk apw?ch nou sot f? la a sou <> Isaac Volcy a se youn pami div?s l?t apw?ch epi ki pa kondisyone ak restitisyon lide ot? a. Mwen envite nou al fin dekouvri enp?tans sovtaj nan vwayaj p?son?l ou.
<> (p. 21)