Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl: an n selebre fyète ak valè lang manman nou
Selebrasyon 28 Oktòb la raple nesesite pou ranfòse plas kreyòl la nan edikasyon ak nan tout aspè lavi chak jou pou asire transmisyon eritaj nou bay jenerasyon k ap vini yo.
Jodi lendi 28 oktòb la, kominote kreyolofòn yo atravè lemond ap selebre Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl. Jounen sa a, ki dedye espesyalman pou onore lang ak kilti kreyòl, se yon okazyon pou reflechi sou pwogrè ak defi ki anfas lang sa a ki pote idantite anpil pèp, sitou an Ayiti.
Lang kreyòl la, ki soti nan melanj plizyè lang ki te itilize pandan peryòd kolonyal la, se youn nan pi gwo eritaj kilti ayisyen an. Li se vwa pèp la, lang nanm ak emosyon yo. Malgre yo konn neglije li nan sistèm edikasyon ak nan anviwonman ofisyèl, kreyòl la kontinye montre kapasite li kòm yon lang ki ka itilize pou tout bezwen, soti nan kominikasyon yo jiska literati, mizik, ak medya.
Chak ane, jou 28 oktòb se yon dat kote kreyolofòn yo ranmase ansanm pou rekonèt kontribisyon lang kreyòl la nan kilti ak devlopman. Jounen sa a vle pote konsyantizasyon sou nesesite pou anseye kreyòl, itilize li nan lekòl ak nan enstitisyon ofisyèl yo, epi devlope literati ak resous edikatif an kreyòl.
Anpil aktivite ak selebrasyon toujou òganize toupatou tankou konferans, atelye, ekspozisyon, ak pwogram radyo kote espesyalis k ap travay sou lang lan ap pale sou nesesite pou fè pwomosyon kreyòl la epi ranfòse plas li nan sosyete a. An Ayiti, plizyè òganizasyon ak inivèsite toujou pran angajman pou yo montre piblik la enpòtans kreyòl la epi ankouraje itilize li nan espas fòmèl ak enfòmèl.
Malgre tout efò ki fèt, lang kreyòl la toujou fè fas ak plizyè defi. Anpil fwa, kreyòl la pa jwenn menm plas ak lòt lang tankou fransè a, sitou nan edikasyon ak nan sektè administrasyon piblik la. Gen moun ki toujou konsidere kreyòl la kòm yon lang « segondè, » epi atitid sa yo kontinye kreye baryè pou yon bon valorizasyon.
Selebrasyon Jounen Entènasynal Lang Kreyòl se yon apèl pou tout Ayisyen ak tout kreyolofòn mete tèt ansanm pou bay lang nan tout plas li merite. Sa mande angajman gouvènman yo pou yo aplike politik k ap pèmèt kreyòl la sèvi kòm zouti devlopman, men tou, yon angajman pèsonèl nan fason n ap kominikè, aprann, epi pataje kilti nou chak jou.
Avèk devlopman teknoloji yo ak ogmantasyon aktivite kiltirèl an kreyòl, gen espwa lang sa a ap kontinye grandi ak evolye. Se yon moman kote tout ayisyen ak zanmi kreyòl yo dwe onore lang sa a ki se yon pati esansyèl nan kilti nou ak nan listwa nou.
À lire aussi:
Leslie Voltaire appelle à l’unité nationale en mémoire de l’Empereur Jacques 1er