Lang kreyòl la dwe gen plis plas nan kominikasyon piblik ak diplomasi a daprè Rose Myrtha Lexima
Nan yon entèvyou li bay ak Juno7, entènasyonalis, jèn diplomat ak militan pou diplomasi kiltirèl la, Rose Myrtha Lexima ensiste sou nesesite pou lang kreyòl la jwenn plis plas nan kominikasyon piblik ak nan pratik diplomatik yo.
Daprè li, nan epòk aktyèl la kote kesyon idantite, kilti ak kominikasyon piblik ap pran plis enpòtans nan relasyon entènasyonal yo, kesyon lang lan vin tounen yon eleman santral nan relasyon ant enstitisyon yo ak sitwayen yo.
“Nan yon sosyete modèn, lang pa sèlman yon zouti kominikasyon. Li se yon pon ki pèmèt enstitisyon yo antre an dyalòg ak sitwayen yo,” Sr sa jèn diplomat la eksplike.
Li fè remake kominikasyon piblik pa ka efikas si popilasyon an pa konprann mesaj enstitisyon yo ap voye. Dapre li, lè enstitisyon yo itilize sèlman lang ki aksesib pou yon minorite, sa ka kreye yon distans ant Leta ak majorite popilasyon an, sa ki diminye patisipasyon sitwayen yo nan lavi demokratik la.
Rose Myrtha Lexima raple tou lang lan se youn nan fondasyon prensipal idantite kiltirèl yon pèp. Daprè li, valorize yon lang se pa sèlman kesyon kominikasyon, men tou yon fason pou rekonèt diyite kiltirèl moun ki pale li yo epi afime idantite yon nasyon devan mond lan.
Nan refleksyon li sou diplomasi modèn lan, li mete aksan sou wòl diplomasi piblik la, ki pa limite sèlman ak relasyon ant gouvènman yo, men ki chèche kominike dirèk ak popilasyon yo, dyaspora yo ak sosyete sivil yo. Nan sans sa a, li kwè lang lan gen yon dimansyon estratejik paske li detèmine aksè ak enfòmasyon.
Nan ka Ayiti a, Rose Myrtha Lexima estime koze lang lan gen yon dimansyon patikilye. Li fè konnen, malgre prèske tout Ayisyen pale kreyòl, pandan plizyè syèk lang sa a te souvan konsidere kòm yon lang ki pa adapte ak diskou entelektyèl oswa diplomatik.
Daprè li, sitiyasyon sa a gen rasin li nan istwa kolonyal ak pòskolonyal peyi a, kote franse te souvan asosye ak pouvwa politik ak elit sosyal yo, pandan kreyòl te rete lang pèp la.
Jèn diplomat la fè konnen refleksyon li sou kesyon lang lan te pran plis fòs pandan eksperyans li te genyen nan Anbasad Ayiti an Espay an 2020, kote li te okipe fonksyon ki gen rapò ak kilti, touris epi pwotokòl.
Li eksplike li te pwopoze pou kominike ofisyèl ki te pibliye sou rezo sosyal Anbasad la parèt tou an kreyòl, ansanm ak franse ak espanyòl. Daprè li, pwopozisyon sa a te baze sou prensip kreyòl se lang matènèl majorite pèp ayisyen an.
Malgre kèk rezèv ki te genyen man kòmansman sou kesyon sa a, li fè konnen pwopozisyon an te finalman aksepte, epi kominike Anbasad la te kòmanse parèt nan twa lang.
Daprè Rose Myrtha Lexima, rezilta yo te ankourajan. Li fè konnen plis moun te kòmanse swiv paj Anbasad la, plis moun te reyaji ak kontni yo, epi plis moun te santi yo konsène ak mesaj yo.
“Eksperyans sa a montre yon verite senp: lè enstitisyon yo pale nan lang pèp la, pèp la reponn ».
Pou entènasyonalis la, valorize kreyòl nan enstitisyon piblik yo pa vle di abandone lang entènasyonal yo. Okontrè, li estime sa pèmèt afime idantite kiltirèl Ayiti a pandan li elaji aksè ak enfòmasyon pou tout sitwayen yo.
Related News
Le CEP prolonge le recrutement des agents du registre électoral
Agronomie gratuite à l’UNIFA : Jean-Bertrand Aristide annonce une nouvelle opportunité...
Actualité en Haïti – Mardi 3 mars 2026