Gang ame pran yon kamyon SNGRS nan zòn Douya

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Gang ame yo pa rive idantifye pran yon kamyon SNGRS nan zòn Douya.

Direksyon kominikasyon Sèvis Nasyonal Jesyon Rezidi Solid (SNGRS) anonse gen gang ak zam moun pa rive idantifye ki pran yon kamyon ki konn ranmase fatra nan lari a nan zòn Douya nan komin Site Solèy nan jounen madi 16 avril 2024 la.

Nan nòt la, SNGRS fè konnen kamyon nèg yo sezi a se yon ISUZU koulè blanch ki make ISC 08 e yo te lage chofè a aprè yon pil menas epi gang ak zam yo mande anpil lajan pou yo remèt kamyon fatra a.

Pi lwen, SNGRS fè konnen malgre ensekirite a ap taye banda y ap fè anpil efò pou li bay popilasyon an sèvis e l ap kenbe laprès enfòme si bagay yo evolye.

À lire aussi :

Port-au-Prince dans l’œil du cyclone de la violence des gangs et de l’instabilité