Grenadye Roberto Badio Louima deside rete Etazini aprè l fin jwe yon match ak ekip li ki soti Repiblik dominikèn

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Grenadye Roberto Badio Louima sove kite klèb dominiken Moca FC, li deside rete Etazini aprè yon match foutbòl.

Nan yon kominike Moca FC, yon klèb dominiken, mete deyò, li fè konnen Roberto Badio Louima ki se yon ayisyen k ap evolye lakay li, pa retounen ak yo an Repiblik dominikèn aprè yo te fin jwe yon match kont Nashville nan peyi Etazini. Yon rankont ki konte pou lig dè champyon Concacaf. Lè estaf ekip la ta pral anbake pou retounen lakay yo, yo remake grenadye a pa la, li kite delegasyon. Ekip peyi vwazen an di li rejte tout aksyon jwè a ta komèt nan sa k ki pa gen pou wè ak valè epi angajman espòtif li.

“Nou enfòme tout moun jwè Roberto Badio Louima nan estati migratwa legal li genyen, pa prezante nan ayewopò Miyami nan moman delegasyon t ap retounen lakay li aprè angajman entènasyonal li. Nou rejte tout aksyon jwè a ta komèt ki pa ta gen anyen pou wè ak valè epi angajman espòtif nou”, se sa kominike klèb la di.

Roberto Badio Louima k ap evolye nan ekip Moca FC a te ale patisipe nan match ekip li kont Nashville ki rantre nan kad lig dè chanpyon Concacaf. Klèb dominiken an pèdi 4-0, jwè ayisyen an te kòmanse match la epi te jwe 63 minit.

N ap raple se pa premye fwa ka sa yo pwodui nan foutbòl ayisyen an kote jwè renmen sove kite ekip lè yo rive Etazini. Si gen kèk moun ki aplodi desizyon foutbolè sa yo, gen lòt ki panse se yon move abitid k ap gen gwo pwoblèm pou sa k dèyè yo paske y ap vin pi di ak nou epi pa fè jwè nou yo konfyans.

Dekouvri plis:

À qui profite l’insécurité en Haïti ?