Yon ajan CIMO pèdi lavi l anba bal bandi nan zòn Kafou Vensan

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Nèg ak zam touye yon ajan CIMO anba kout bal nan zòn Kafou Vensan.

Lapolis la kontinye ap konte kadav dènye tan sa yo pandan vag ensekirite a pa sispann monte divès kote nan peyi a, sitou nan Pòtoprens. Sou kont X li, Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (Synapoha) fè konnen nèg ak zam touye jodi lendi 25 mas la nan zòn kafou vensan, polisye Duplan Joveny anba bal.

Nan piblikasyon sa a, Synapoha fè konnen polisye sa a te fè pati 27e pwomosyon lapolis la e l se yon ajan CIMO. Pi lwen, sendika lapolis la fè konnen bandi yo rive poze zak malonèt sa a pandan te gen plizyè polisye ki te nan yon machin prive e lè asasen yo louvri kout bal yo, gen 2 lòt polisye ki soti blese.

Fòk nou raple nan dat mèkredi 20 mas 2024 la, nèg ak zam te rive asasinen nan Dèlma 72, Noël Anel, yon polisye 17e pwomosyon ki te afekte nan Inite Sekirite Primati.

Dekouvri plis:

Dani Alves sort de prison après avoir payé la caution exigée par le tribunal de Barcelone