Etazini: poutèt yon boul tonbe nan lakou l, yon sitwayen tire sou yon timoun 6 lane ak tout paran l

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Etazini: yon sitwayen ouvri kout zam sou yon timoun 6 lane ak tout paran l poutèt yon boul tonbe nan lakou lakay li.

Robert Louis Singletary ki gen 24 lane rann tèt li bay lapolis aprè l fin tire sou plizyè moun poutèt yon boul basket ki tonbe nan lakou lakay li pandan plizyè timoun t ap jwe, daprè sa yon televizyon lokal ki rele WSOC-TV rapòte. Aksyon sa pase nan yon katye ki twouve l nan Sid vil Gastonia, nan Caroline du Nord. Endividi a daprè sa medya a eksplike, soti deyò tou fache epi tire sou William White ki nan yon eta kritik. Pitit fi viktim lan ki rele Kinsley White ki gen 6 lane eflere pa katouch ak tout manman l ki rele Ashley Hilderbrand.

Papa Kinsley White pran kèk katouch nan do aprè l te kouri soti pou pran pitit fi l lè Robert Louis Singletary te soti ak zam li epi tonbe tire. Viktim lan toujou lopital men pitit fi l pa an danje sof vizaj li ki gen blese aprè katouch fin eflere l li menm ak tout manman l.

Vwazen nan katye a fè konnen endividi a ki komèt aksyon sa se yon moun ki pa vin ret twò lontan nan zòn lan men ki souvan ap fache ak timoun yo.

Manman Kinsley White di ak yon jounal lokal li te deyò a tou epi tande lè Robert Louis Singletary di ak mari l: “Mwen pral tiye nou”.

Manman an te kontinye pou l di endividi a pa tire ankò jistan katouch li fini pandan mari l t ap kouri ak pitit la.

Lapolis akize Robert Louis Singletary de 4 tantativ asasina nan premye degre, 2 chèf agresyon avèk yon zam pou tiye. Gen lòt akizasyon paske l tire sou kay vwazen ki te nan zòn lan.

Dekouvri plis:

Aucun club haïtien ne pourra participer aux prochaines compétitions de la CONCACAF