Garry Conille devwale kèk pespektiv devlopman gouvènman li an genyen pou rejyon Nò ak Nòdès peyi a

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Getting your Trinity Audio player ready…

Premye minis Garry Conille kèk desizyon gouvènman li koumanse pran nan depatman Nò ak Nòdès.

Premye minis Garry Conille anonse ayè jedi 29 dawout la sou kont X li kèk desizyon gouvènman li ap dirije a kòmanse pran nan rejyon Nò ak Nòdès nan kad pèspektiv devlopman pouvwa an plas la. Nan sans sa, ekip tranzisyon an konte avanse nan ankadreman peyizan, sekirite alimantè, asenisman, enfrastrikti pou ranfòse pò, ayewopò, elektrisite, fòmasyon jenès, selon sa chèf Primati a fè konnen.

Nan yon grafik Garry Conille pataje, nou ka remake nan kad pèspektiv sa yo, gouvènman an prevwa konstwi yon nouvo sal depa nan ayewopò Okap la. Gouvènman fè konnen l ap fè swivi ak CODEVI pou elektrifikasyon Wanament.

Nan kad seri pwojè sa yo, gen 24 milyon dola ameriken ki ap sèvi pou reyabilite Pò Okap la sou yon espas 2 lane. Pwojè sa se APN nan tèt kole ak USAID k ap reyalize l.

Nan koze agrikilti, gouvènman an di gen 75 tòn semans fètilizan pou soutni travay plantè yo sou 21.4 ekta tè. Gen 20 motoponp pou irige 256 ekta tè an plis ki kapab bay manje.

Aprè vizit Garry Conille sou kanal la, li fè konnen gen yon kreyasyon komisyon ekspè nasyonal ak entènasyonal pou pataje resous ekitab sou rivyè masak.

Genyen tou konstriksyon Lise Teknik Agrikòl René Theodore nan Nòdès.

À lire aussi:

Tentative d’assassinat contre Donald Trump: le tireur a passé des mois à chercher une cible selon FBI