Jij Drew Tipton otorize esponnsò yo bay dizon yo sou Pwogram Biden nan anvan pwosè 15 jen an

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

« Humanitarian Parole » : Jij federal Drew Tipton dakò pou esponnsò yo bay avi yo avan li deside sou sò pwogram sa.

Etazini.- Jij federal Drew Barnett Tipton ki sou dosye plent 20 Eta ameriken kont « Humanitarian Parole » la otorize pou esponnsò pwogram sila bay avi yo sou li anvan li pwononse l sou sò li.

Nan yon rekèt li ekri nan jounen 19 avril pase a, jij federal Drew Barnett Tipton otorize esponnsò -Ayisyen, Kiben, Venezyelyen, Nikaragweyen- bay avi yo sou pwogram nan avan li pran desizyon pou konnen si l ap kanpe osinon kontinye. Eta ki pote plent yo te kont demach sa men jij la pat bwonche.

Desizyon sa bay posibilite pou sa esponnsò yo fòme pati sivil nan dosye a. Gwoup sa a, k ap gen ladan 7 moun pami yo yon Ayisyen, pral gen dwa prezante opinyon yo ak agiman yo bay jij la anvan pwosè a kòmanse epi anvan jij la bay desizyon final li. Demach sa ta dwe pèmèt yo defann enterè yo si lajistis deside kanpe pwogram nan.

Lajistis nan peyi Etazini ap deside gen pou tande 3 pati nan kad pwosè sa nan dat 15 jen 2023 k ap vini la. Desizyon final la ta dwe soti nan mwa jiyè menm ane a. Pwosè vini apre 20 Eta repibliken te deside pote plent lajistis pou kanpe pwogram sa paske yo estime li ilegal.

Fòk nou sinyale, jij Drew Tipton ki gen 56 lane se yon repibliken. Se ansyen prezidan Donald Trump ki te nonmen li jij nan lane 2020 nan tribinal distri sid eta Texas. Nan mwa mas ki sot pase a, jij sa te refize retire tèt li sou dosye plent 20 Eta repibliken yo apre administrasyon Biden nan te mande l fè sa. Jij Tipton deja bloke 2 desizyon prezidan Biden pran ki gen rapò ak imigrasyon.

Dekouvri plis:

Funérailles des 3 policiers assassinés à Thomassin le 9 avril dernier