Kòdinasyon nasyonal Inifòs salye depa ansyen minis jistis la, Paul Denis

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Kòdinasyon nasyonal Inifòs salye depa ansyen minis jistis la, Paul Denis

Nan yon nòt ki pote siyati sekretè jeneral li, Jean Dieudonné Lubin, kòdinasyon nasyonal Inifòs di se ak gwo doulè li resevwa nouvèl lanmò kòdonatè Nasyonal Inifòs la Paul Denis, maten lendi 11 mas 2024 la lakay li. Pou estrikti politik la, se yon gwo moniman pati a ak nasyon an pèdi.

Nan nòt sila a, kòdinasyon nasyonal Inifòs fè konnen, ansyen minis Paul Denis te konsakre lavi li pou defann kòz moun ki pi fèb yo.

“Li te montre anpil atachman pou peyi l. Ayiti pèdi youn nan moun li te ka konte sou li, pou retire l nan nivo lagraba li ye lajounen jodi a” se sa nou ka li nan nòt la.

Nan sans sa a kòdinasyon nasyonal Inifòs di l voye kondoleyans li bay : madanm li, pitit li yo, tout manb ak senpatizan pati a pandan l remèsye defen an paske l te aprann manm yo pwobite piblik, lanmou pou peyi a ak pi bon wout pou yo pran pou yo devlope l.

Pi lwen, kòdinasyon nasyonal Inifòs ak fanmi an ap anonse : Yon veye temwayaj pou Kòdonatè Paul Denis, vandredi 15 mas 2024 a 7è nan aswè, nan legliz Sen Dominik ( Port salut ); Antèman kòdonatè Nasyonal la ap chante Samedi 16 mas 2024 la a 10è nan maten toujou nan legliz katolik Sen Dominik (Port Salut).

À lire aussi :

Le gouvernement argentin facilite l’usage des armes à feu pour sa police