Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an di se ak tristès y ap komemore fèt Agrikilti ak Travay la

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Fèt Agrikilti ak Travay la ap selebre ane sa a ak anpil tristès nan kè nan dat premye me a dapre Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.

Nan okazyon selebrasyon fèt Agrikilti ak Travay la nan dat premye me a, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nan yon nòt ki pote siyati prezidan konsèy la, Edgard Leblanc Fils, li souliye se ak tristès nan kè fèt sa ap komemore akoz sitiyasyon malouk sou tout plan, espesyalman sou plan sekirite peyi a ap travèse ki jete yon pil ak yon pakèt anplwaye nan chomaj, ki kraze biznis anpil sitwayen, elatriye.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an souliye tou nan nòt sa a, manm yo rive chwazi yon prezidan ki pou kowòdone aktivite l yo epi pèmèt li lanse byen vit tout aksyon ak aktivite pou fè fas kare ak move lavi pèp ayisyen an ap sibi depi kèk tan, pandan l pwofite fè konnen li rete kwè ak sipò chak grenn ayisyen, l ap reprann bak peyi a epi fè l vanse nan bon direksyon.

“Eritaj konsèy la jwenn nan lou anpil men li detèmine pou l travay san pran souf nan kad misyon l pou l fè sekirite tounen tabli nan peyi a, garanti lavi, byen ak biznis tout moun, rebay Leta fòs ak otorite pou dirije Nasyon an, rezoud diferan defi yo epi fè lavi a vin miyò chak jou pi plis pou chak chak Ayisyen alawonnbadè” se sa nou ka li nan nòt la.

Li tou :

De fortes détonations dans le bas de Delmas et ses environs