Moun nan Mibalè rache ak manchèt yon polisye ak yon ajan sekirite KEP paske yo pral achte bal ak zam pou gang

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Popilasyon nan Mibalè rache ak manchèt yon polisye ajan 2 ak yon ajan sekirite Konsèy Elektoral pwovizwa a paske yo pral achte zam ak bal pou gang yo.

Lapolis nan Mibalè te poze lapat ayè vandredi 29 mas la sou Alexandre Ananel, ajan 2 ki afekte nan CBIM, ak Musca Michelet, ajan sekirite Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP). Yo te kenbe 2 endividi sa yo ak yon valiz lajan ki gen plis pase 6 milyon goud ak 20 mil dola ameriken. Selon enfòmasyon yo, se lajan pou te ale achte bal ak zam pou gang yo. Popilasyon an ki pa deside tete lang ak gang te pran nèg yo nan ti pòs polis nan vil la epi rache yo ak manchèt.

Selon yon nòt Lapolis mete deyò pou konfime nouvèl la, aksyon sa pase nan lokalite Devarye, zòn Mibalè. 2 nèg yo te gen nan valiz yo plis pase 6 milyon 300 mil goud ak 30 mil dola ameriken. Malgre jefò polisye te fè pou popilasyon an pa t rive pase kòlè sou nèg yo, sa pa t rive posib.

Nòt PNH la konfime enfòmasyon ki fè kwè 2 nèg sa yo se ak gang y ap fonksyone. Daprè enfòmasyon ki disponib nan men enstitisyon polis la, polisye Alexandre Ananel ak ajan sekirite Musca Michelet se zam ak bal yo ta pral achte sou fwontyè Beladè pou gang yo.

Nan moman arestasyon an, polisye yo jwenn 2 pistolè 9 milimèt, 6 chajè ranpli ak bal, yon bwat katouch 9 milimèt. Lapolis sezi tou yon machin Nissan Xterra nwa ki gen plak AA-49833 ak 7 telefòn pòtab.

Dekouvri plis:

Le Conseil présidentiel dément un document en circulation faisant croire qu’il traite des procédures de son installation