“Pou Okap pou Ayiti” kanpe an kwa kont otorite ki pa sousye de byennèt popilasyon an

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

“Pou Okap pou Ayiti” kanpe an kwa kont otorite ki pa sousye de byennèt popilasyon an.

Nan yon nòt ki pote siyati Frantz Azemar, Gérald Cadet, Pitelly Charles, Smith Derisma ak lòt ankò nan dat 6 mas 2024, “Pou Okap pou Ayiti” di l deside kanpe an kwa kont tout otorite ki nan depatman Nò a ki pa montre yo sousye de byennèt popilasyon an. Li souliye tou, soti nan sa ki pi ba rive sou sila ki pi wo yo, se yon bann enkapab.

Nan nòt sila a, Pou Okap pou Ayiti pale sou sitiyasyon tèt chaje peyi a ap konnen dènye tan sa yo kote moun oblije ap kite kay yo pou yo gen lavi, timoun ap dòmi nan lari, timoun ap viv tout kalite move eksperyans ki ka gen gwo konsekans sou sante fizik ak mantal yo. Sa k pi rèd la, otorite yo abandone yo.

“Souf nou koupe, chak fwa nou gade sa Okap tounen epi nou wè kalite malè ki pandye sou nou! Wi, sa k ap pase nan zòn metwopolitèn kapital peyi a gen gwo konsekans sou tout kote. Men si nou pa aji jodi a, nou p ap ka anpeche Okap vin gen menm pwoblèm yo nan yon tan ki tou kout. Se pou sa ni sitwayen, ni otorite sivil ak polisyè ta dwe veyatif pou anpeche move grenn vin simen latwoublay. An menm tan, nou oblije kreye kondisyon pou tout moun k ap viv Okap rive jui dwa yo” se sa nou ka li nan nòt lan.

Pi lwen, Pou Okap Pou Ayiti fè konnen malgre gwo malè tankou gwo tranbleman tè ak lòt katastwòf natirèl ki pandye sou tèt moun Okap, okenn dispozisyon pa pran. Okontrè, chak jou ki pase, Vil la ap deperi kote wout yo pa sispann kraze, pil fatra ap monte pasi pala, elatriye.

Toutfwa, Pou Okap Pou Ayiti fè konnen fanm ak gason ki nan Meri, MTPTC, SNGRS ak tout lòt bwat ki dwe aji pou popilasyon an ka rale yon souf pa janm montre yo gen plan pou ni vil Okap ni depatman an. Nan sans sa a li rete kwè fòk apse a peze pou retire sa k pa bon an.

Dekouvri plis:

Le premier ministre du Pérou, Alberto Otarola démissionne à la suite d’un soupçon de trafic d’influence