Pwogram Biden : èske ou dwe soumèt yon nouvo fòmilè I-134A si tretman an pran plis tan sa mande ?

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Pwogram Biden : si tretman dosye Biden ou pran plis tan sa mande, men konsèy anbasad Etazini an Ayiti pote pou ou.

Pwogram imanitè Biden nan kontinye fè wout li malgre difikilte kèk benefisyè ak esponsò rankontre. Pami difikilte sa yo, se kesyon delè sa pran pou tretman fòmilè I-134A. Kisa ou dwe fè nan ka sa ? Ki konsekans sa ap gen si ou soumèt yon nouvo fòmilè ? Men repons Anbasad Etazini nan Pòtoprens bay sou kont Facebook li jounen madi 18 avril la.

Dapre anbasad la, ou kapab siveye eta avansman fòm I-134A ou a sou kont an liy USCIS ou an oubyen verifye dènye mizajou sou dosye ou a nan Case Status Online. « Sant kominikasyon USCIS la pa kapab kominike okenn lòt enfòmasyon anplis de dosye ou a ke sa ki déjà disponib sou kont an liy USCIS ou an », li presize.

Pi lwen, misyon diplomatik la dekonseye moun ki nan sitiyasyon sa soumèt nouvo fòmilè I-134A. « Soumisyon yon nouvo fòm pou benefisyè a pap akselere trètman dosye a e kapab lakòz plis reta », li avèti.

Dekouvri plis:

Le film haïtien “Quand la nuit s’approche” sélectionné au festival St Louis Docs au Sénégal