Yon fanm ki gen atirans pou gason ki deja marye soufri sa yo rele “sendwom Fortunata”

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Fanm ki gen atirans pou gason ki deja marye oubyen ki fiyanse soufri sa yo rele “sendwom Fortunata”.

Li pa nouvo pou pyès moun k ap li atik sa ki konn tande gen fanm ki pa konn kache di yo renmen mesye marye, yo santi yo byen lè yo ak yon mesye ki marye oubyen yon gason ki gen mennaj prefere li deja. Atirans pou kategori gason sa yo konn menm arive fè fanm sa kraze relasyon moun yo tèlman li swete kwense kò l nan mitan moun yo. Sou sit “Journal des femmes”, sikanalis Christian Richomme pale sou koze sa epi fè konnen tip medam sa yo soufri sa yo rele “sendwom Fortunata” ki fè yo renmen viv modèl istwa damou sa ki konn prèske enposib pou sa fèt. Nan sosyete pa nou an Ayiti konn menm gen lanmò ki mete pye lè enterè menase.

“Gen kèk fanm ki santi yon gwo atraksyon pou gason ki deja nan yon relasyon, kit marye oubyen yo pa marye. Yo sèlman renmen viv istwa lanmou enposib sa yo. Yo ideyalize, yo panse ke relasyon sa a ka dire tout lavi”, se konsa sikanalis Christian Richomme reyaji sou koze a.

Pi lwen sou sit la, espesyalis la eksplike pou l fè konnen atirans sa pote yon non nan koze sikoloji, li rele “sendwom Fortunata” ki soti nan yon woman Benito Pérez Galdos ekri nan lane 19èm syèk ki titre ” Fortunata y Jacinta “. Daprè sit “Journal des femmes”, Istwa a rakonte relasyon tèt chaje ant yon gason ak 2 fanm, youn se madanm li epi lòt ki se Fortunata se ti fanm sou kote a. “Sendwòm sa a reflete yon fantezi pou fanm sa yo.

Yo refize tout lòt relasyon epi yo pa disponib pou lòt gason”eksplike sikanalis la. “Yo santi yo gen dwa sou mesye sa yo paske yo te chwazi yo. Yo santi ke santiman yo genyen pou yo pi fò pase sa yo genyen pou bon madanm yo”, ajoute espesyalis la.

Sikanalis Christian Richomme te kontinye pou l di fantasm medam sa yo soti nan lè yo te timoun. “Soti nan 0 a 3 zan, ti fi a renmen manman l avan epi papa l aprè. Ansyen moun li te gen premye lanmou li an vin tounen yon rival. Kòm li vin granmoun, se konplèks “Electre” sa a ki pako rezoud ke li repwodui. Li rejwe batay sa a ak ti kras estim pwòp tèt li, paske nan batay sa a, li chache valè tèt li”, se konsa sikanalis la analize.

Christian Richomme pa ekate pou l di kategori fanm sa yo konn soufri anpil tou nan ret tann yon nèg marye oubyen ki gen fanm li deja. “sèten fanm pase tout vi yo ap ret tann yon gason ki deja nan bra mèt li. Ou ka chanje modèl fonksyònman medam sa yo gras ak yon suivi sikolojik.”

Lakay pa nou, modèl medam sa yo nou souvan rele yo bouz***, gate sa. Medam sa yo konn menm twouve lanmò lè l santi relasyon l ak enterè l menase. Nan kèk ka se madanm marye a oubyen moun ki genyen nèg la ki konn mouri lè fanm deyò a bezwen rantre ak fòs nan relasyon an pou l ka gen nèg li poukont li.

Dekouvri plis:

Ariel Henry a organisé une réunion de travail autour du projet de construction de 20 écoles dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince