Yon kont Moncash ki pa idantifye epi ki pa elaji p ap ka kontinye fè tranzakson apati premye jiyè

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Yon kont Moncash ki pa idantifye epi ki pa elaji p ap ka kontinye fè tranzakson apati premye jiyè k ap vini la

Nan yon nòt Digicel mete deyò, li anonse tout itilizatè MonCash apati premye jiyè yon kont ki pa idantifye epi ki pa elaji p ap ka kontinye fè tranzakson. Daprè nòt sila, obligasyon sa soti nan BRH. Nan sans sa, konpayi a mande tout itilizatè Moncash pou bay yon pyès idantite valid avan dat sa pou yo kapab kontinye ranpli tranzakson yo.

“Tout itilizatè MonCash yo gen obligasyon pou bay yon pyès idantite valid pou idantifye kont yo avan 1e jiyè 2024, pou yo kapab kontinye fè tranzaksyon. Obligasyon sa soti nan Bank Santral atravè sikilè 121 a, nan efò pou konbat fwòd, blanchiman kòb ak tout lòt zak malonèt”

Nan ka kontrè kote kont lan pa idantifye ni elaji, itilizatè yo ap gen difikilte pou fè tranzakson sou sistèm lan tankou “retrè, voye lajan, peye fakti, elatriye, jiskaske kliyan a bay enfòmasyon idantite li.”

Digicel nan nòt sa raple plizyè mwayen yon moun ka idantifye kont li tankou: telechaje aplikasyon an epi swiv enstriksyon yo, ale nan yon magazen Digicel ak yon pyès idantite epi jwenn ak yon anplwaye Moncash.

”Nou mande tout kliyan ki poko idantifye kont yo pou fè sa avan 1e jiyè 2024. Ak sipò Bank Santral, nou te repouse dat limit sa plizyè fwa pou n te kapab gen plis tan pou asiste kliyan. Men nou rive nan yon moman pou n fini ak pwosesis la e pèmèt tout kliyan nou yo idantifye pou ka kontinye itilize sèvis la”, daprè Nathaelle Chavenet, direketris MonCash.

Yon moun ki bezwen konnen si kont li idantifye dwe fè *202#, chwazi opsyon 5, epi nimewo 3. Si tip kont lan « Level 1 », sa vle di kont ou idantifye, donk li ka fonksyone. Si l « Level 0 » sa vle di kont ou poko idantifye, e ou dwe swiv demach yo pou w idantifye l avan 1e jiyè 2024 pou l pa bloke.

Pou moun k ap itilize aplikasyon yo, se swa ou klike sou non w oswa sou foto pwofil ou. Si kont lan ekri « MonCash Plis », sa vle di kont ou idantifye.

Li tou :

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mercredi 24 Avril 2024