Chèf gang Dèlma 95 lan, Ti Grèg, bwè dlo bouch li nan echanj kout zam ak lapolis

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Chèf gang Dèlma 95 lan, Ti Grèg, mouri aswè a aprè echanj kout zam ak lapolis.

Ernst Julmé anpil moun konnen sou non Ti Grèg mouri aswè jedi 21 mas la nan Dèlma 66, après kout zam li t ap echanje ak lapolis. Li se Chèf gang Dèlma 95. Lapolis Nasyonal d Ayiti konfime nouvèl la.

“Chèf gang Dèlma 95 lan, Ernst Julmé alyas Ti Grèg, ki te sove nan Penitansye Nasyonal 2 Mas 2024 la, blese mòtèlman pandan yon afwontman aprèmidia ak PNH la nan Dèlma 66″, se sa PNH la ekri sou paj Facebook li.

Tout aprèmidia anpil kout bal t ap chante nan wo Dèlma ak komin Petyonvil. Se lapolis ki t ap mennen operasyon pou dechouke Ti Grèg ki fini pa tonbe anba bal fòs lòd yo.

N ap raple kapolis te mete dòmi nan je Makandal ki se nouvo chèf gang Bristou akolit li t ap eseye enstale nan zòn sila ki sitiye nan komin Petyonvil. Endividi a arive te bwè dlo bouch li tou yè mèkredi 20 mas la nan echanj kout zam ak lapolis. Aprè li te fin resevwa bal lapolis, popilasyon an pou eksprime kontantman yo te pase l bwa kale ak kèk lòt teworis parèy li.

À lire aussi :

Le journaliste Lucien Jura libéré