Chrisnette Saint-Georges pote yon demanti kont Roolvens Romain ak Lenard Kerlergrand k ap sal non l nan yon koze diri

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Chrisnette Saint-Georges pote yon demanti kont Roolvens Romain ak Lenard Kerlergrand k ap pwofere kèk mesaj mansonjè sou yon koze diri pou pote atent ak pesonalite l

Nan yon nòt li mete deyò, Chrisnette Saint-Georges ki se direktris-fondatris CMFP, demanti pawòl Roolvens Romain ak Lenard Kerlergrand ap fè kont li kòmkwa se li menm ki gen lyen ak sekestrasyon epi distribisyon diri iligal nan Akayè. Yon pawòl Chrisnette voye jete epi fè konnen se yon fason pou atake pèsonalite l kòm fanm ki onèt ki kwè nan chanjman peyi l.

“Malgre plizyè atak yo te deja fè sou mwen san prèv, men pou bonè kominote achelwaz la mw te chwazi rete sou silans mwen, pou m pa t rantre nan yon takotak ak yo. Jodi a yon lòt fwa ankò, toujou san prèv, yo chwazi monte yon lòt dosye sou do m, pou kontinye akize mwen kòm moun ki gen lyen ak sekestrasyon epi distribisyon diri iligal nan Akayè”

Chrisnette Saint-Georges ki abitye bay meteyo sou plizyè medya nan peyi a, fè konnen nèg sa yo pran malen plèzi yo pou difame epi pwofere kèk mesaj mansonjè pou pote atent ak pesonalite m kòm fanm ki onèt ki kwè nan chanjman peyi l. Li te tou pwofite mande yo pou yo sispann ak tout fòm divèsyon sa yo sou non l epi kalifye yo de “detraktè”.

Mwen se yon aktè sosyal ki kwè nan ledikasyon jèn fanm ak jèn gason, k ap goumen e defann koz kominote mwen soti ladan l lan”, Chrisnette Saint-Georges ajoute pou l raple yo li pa nan koze politik.

Pi lwen, direktris-fondatris CMFP a souliye pou kominote achelwaz la li pa

“enplike ni de lwen ni de prè nan distribisyon diri k ap fèt nan Akayè jan 2 detraktè yo ta vle fè kwè l la.”

Chrisnette Saint-Georges te pwofite raple pou 2 mesye sa yo pou l di yo:

“mwen goumen anpil pou pèsonalite m ak diyite m, mwen travay anpil pou m konstwi non m. Pa rantre m nan zafè politik de grenn gòch nou, n ap fè nan komin Akayè. Mwen konseye nou repanse mòd politik sa a, sispann detwi lòt moun ki pa pataje menm ideyoloji ak nou.”

LI TOU :

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mardi 9 Avril 2024