Fanmi Lavalas mande konsèy prezidansyèl la pibliye nan Le Moniteur rezolisyon ki presize majorite a se 5 sou 7

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Òganizasyon politik Fanmi Lavalas mande pou konsèy prezidansyèl la pibliye nan jounal “Le Moniteur”, rezolisyon ki presize majorite a se 5 sou 7 la.

Òganizasyon politik Fanmi Lavalas nan yon nòt pou laprès nan dat 28 me 2024 la mande pou konsèy prezidansyèl tranzisyon an pibliye nan jounal “Le Moniteur”, dekrè ki fikse òganizasyon ak mòd fonksyonman konsèy la epi rezolisyon ki presize majorite a se 5 sou 7 la, avan yo anonse non Premye Minis lan.

Fanmi Lavalas di l pran pozisyon sa a nan lide pou ede tranzisyon an fèt nan transparans e san kòripsyon. Toutfwa, li ankouraje konsèy prezidansyèl tranzisyon an korije sa k merite korije pou mal la pa vin pi mal, sitou nan sa ki gen pou wè ak ensekirite san parèy sa a ki deja twòp pou popilasyon an.

“Eskandal koripsyon, konfizyon, divizyon pap ede nou remete peyi a sou ray demokrasi” se sa Fanm Lavalas souliye nan nòt sila a ki pote siyati Maryse Narcisse, Joël Edouard Vorbe, Anthony Dessources ak Jean Myrto Julien.

A lire aussi :

Le parti politique IDA encourage les membres du CPT à accélérer le processus de désignation du Premier ministre