Joe Biden anonse li rankontre ekip sekirite nasyonal li sou dosye atak Iran kont Izrayèl

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Prezidan Joe Biden fè konnen li rankontre ekip sekirite nasyonal li sou atak Iran fè kont Izrayèl.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, anonse sou kont X li, li rankontre aprèmidi a ekip sekirite nasyonal li pou te pale sou atak Iran fè kont Izrayèl. Li renouvle solidarite l ak peyi Izrayèl kont menas Iran yo.

Prezidan ameriken an fè twit sa aprè atak Iran kont Izrayèl jodi samdi 13 avril 2024 la.Vladimir Poutine sou bò pa l, deklare l ap soutni Iran si Etazini atake teritwa iranyen an.

Peyi Iran lanse anpil dwòn ak misil sou peyi Iran. Repons sa se paske yon konsila iranyen nan vil Damas te detwi pa Izrayelyen yo. Atak sa te fè 16 viktim, pami yo 7 manm gadyen revolisyon.

Li tou :

Vladimir Poutine deklare l ap soutni Iran si Etazini atake teritwa iranyen an