Otorite yo lanse avi pou menas inondasyon sou 8 depatman anndan peyi a

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Inite Idwometeyowolojik lanse avi pou menas inondasyon ak glisman teren sou 8 depatman anndan peyi a

Direksyon Pwoteksyon Sivil enfòme sou sit entènèt li Inite Idwometeyowolojik lanse yon avi pou menas inondasyon ak glisman teren sou 8 depatman anndan peyi a ki pa sispann resevwa lapli dènye jou sa yo akoz pasaj yon zòn bas presyon nan direksyon Lès peyi Kiba.

Daprè responsab Inite Idwometeyowolojik yo, depatman sa yo se Grandans, Nip, Sid, Nò, Nòdès, Nòdwès, Lwès ak Sant. “Pou depatman Sid la, lanmè a kapab ajite, sa ki ka rann aktivite kabotaj yo difisil sou rejyon an. Operatè bato yo dwe pran anpil prekosyon sou lanmè a”, se sa nòt la fè konnen.

Lapli sa se paske yon zòn bas presyon ap pase nan direksyon Lès peyi Kiba ki pwovoke lapli ak loray sou rejyon Karayib la. Lapli sa ap kontinye jodia jedi a pou demen vandredi 3 me a, daprè responsab meteyo yo.

Pandan risk inondasyon ak glisman teren, Inite Idwometeyolojik peyi d Ayiti ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande tout moun k ap viv nan zòn ki abitye gen inondasyon pou yo rete veyatif epi toujou aplike konsiy sekirite yo.

Li tou :

Le leader du parti EDE, Claude Joseph, exige le respect de l’accord du 3 avril sur le CPT