Mibalè: “Avyon”, chèf gang Fonds-Cheval, tonbe nan echanj kout zam ak lapolis, madanm li jwenn arestasyon

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Mibalè: “Avyon”, chèf gang Fonds-Cheval mouri nan echanj kout bal ak lapolis, madanm li ak yon lòt fanm jwenn arestasyon.

Nan Kad operasyon lapolis ap mennen nan komin Mibalè, sitou nan “Terre Rouge” ak Fonds-Cheval, depatman Sant, plizyè inite espesyalize deplwaye pou kontrekare gang k ap bay pwoblèm. Se nan okazyon sa, Joseph Janès, chèf gang Fonds-Cheval la, alyas “Avyon” tonbe nan echanj kout bal li t ap fè ak polisye yo. PNH la rapòte li arete Roudeline Rémy ki se madanm chèf gang “Avyon”, ak Rémy Widenise epi sezi zam ak konfiske machin.

“Nan kad operasyon sa, plizyè bandi tonbe nan echanj kout bal ak lapolis, pami yo Joseph Janès, chèf gang Fonds-Cheval la, alyas “Avyon” ak yon frè li ki t ap chèche teworize popilasyon sivil lan depi plizyè jou”, se sa enstitisyon lapolis la fè konnen anndan yon nòt.

Lapolis fè konnen operasyon sa rantre nan kad misyon PNH la k ap goumen pou rive demantle yon fwaye gang endividi ak zam ap tante tabli nan zòn lan. “Sou enstriksyon kòmandan an Chèf la, M. Frantz Elbé, ajan UTAG, UDMO-lwès 2 ak UDMO Sant ki angaje nan operasyon sa lajounen kou lannwit mobilize resous nesesè pou pèmèt yo reyisi misyon sa”, se sa nòt la presize.

Se pa sèl Avyon ki mouri gen lòt abolit li ki mouri epi lapolis rive sezi zam ak konfiske machin, epi arete Roudeline Rémy ki se madanm chèf gang “Avyon”, ak Rémy Widenise.

PNH la fè konnen li detèmine epi souliye operasyon an ap pwogrese nan lide pou fasilite lib sikilasyon pezib sitwayen yo.

À lire aussi :

Pour protester contre la guerre à Gaza, un soldat américain s’immole par le feu devant l’ambassade israélienne à Washington