Pènye: Stevens Jeanty nan gwo difikilte ak 2 je l aprè bal bandi fin flote l ladan yo

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Pènye: Stevens Jeanty twouve l nan gwo difikilte aprè bal bandi fin touche l lejèman nan vizaj epi fè l pa wè nan tou 2 je l.

Stevens Jeanty, 35 lane, se non jèn gason sa ki nan gwo difikilte ak tout 2 je l aprè nèg ak zam ki t ap tire anndan yon lekòl nan Pènye yè madi 30 janvye a lakoz katouch flote l ladan yo jistan li vin pa wè, selon temwanyaj li. Si nan yon premye tan nouvèl yo te lèse kwè li se yon pwofesè, sitwayen an fè konnen li se jis yon paran ki ta pral chache pitit li lekòl pandan deblozay yo te eklate yè nan zòn Tòsèl ak Pènye.

“Jiskaprezan nou poko wè yon medsen. Nou te jis pase Pènye ou konnen Pènye gen yon lopital. Yo ba li yon premye swen annatandan men nou poko gen egzakteman yon bilan oubyen yon ide de je yo”, se sa yon pwòch viktim lan te eksplike byen bonè sou antèn radyo Karayib.

Viktim lan ki te vin pran lapawòl aprè sa te eksplike fè yo epi fè konnen pou jis moman li ap pale ak jounalis Karayib yo li pa wè aprè l te fin santi bal la flote l. “Pandan m anndan an mwen ale chache pitit mwen an, gwoup gang yo te nan lekòl la, yo kòmanse tire. Pandan m nan lakou lekòl la yo simen bal sou nou. M gentan wè reflèks bal la mwen fè yon mouvman epi bal la tou flote m nan 2 je m. Depi lè m fin pran bal la mwen tou pa wè ankò”, se sa Stevens Jeanty rakonte.

Li fè konnen bal la pa pran l, si l te vrèman touche l li t ap mouri pandan li souliye li pa wè ladan l. “Te gen anpil san nan je a menm pa wè ditou ladan l. Pa gen okenn medsen ki fè anyen pou mwen nan je a. Nan lopital mwen te ale a yo netwaye je a, yo ban m yon sewòm men pa gen anyen ki fèt. Yo netwaye l avèk alkòl lòt bagay.”

Mwayen pa t pèmèt li ale wè espesyalis je men pandan interview a gen yon doktè ki te refere viktim lan nan yon lopital nan Dèlma 31 pou fè swivi ak je yo paske gen espesyalis oftalmològ la k ap ka wè vrèman sa je yo genyen si gen posiblite pou Stevens Jeanty pa pèdi yo.

N ap raple ensidan sa rive aprè vyolans gang ki te genyen yè madi a nan zòn Pènye ki lakoz anpil moun kouri kite kay yo san konte viktim ki fè nan kan manb popilasyon an ki ta resevwa katouch.

Dekouvri plis:

Les citoyens de Canaan pris en otage par des bandits