SYNAPOHA mande pou Direksyon jeneral lapolis la pwoteje baz CIMO a ki anba menas bandi

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

SYNAPOHA mande pou Direksyon jeneral lapolis la pwoteje baz CIMO a ki anba menas bandi

Dènye tan sa yo, bandi yo pa sispann atake lapolis la kote yo deja boule plizyè sou komisarya epi louvri pòt prizon tankou Penitansye Nasyonal ak prizon sivil kwadèboukè a. Nan yon mesaj li pibliye sou kont X li, Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA) mande pou Direksyon jeneral lapolis la pwoteje baz CIMO a ki anba menas nèg ak zam.

“SYNAPOHA ap lanse SOS pou baz CIMO a ki gen gwo menas sou li, mesye yo bloke delma 3 ak delma 6 yap fè anpil manèv pou yo bloke wout Pis la pou yo ka mete baz CIMO a nan mitan pou atakel. Direksyon jeneral polis la pa dwe pran menas sa yo ala lejè” se sa nou ka li nan piblikasyon an.

Kòdonatè SYNAPOHA a, Lionel Lazarre Juno7 te rive kontakte fè konnen sitiyasyon an vrèman enkyetan. “Fòk nou pa kite lapolis la kontinye ap pèdi pye konsa devan bandi yo. Se pa posib” se deklarasyon responsab sendika lapolis la fè.

À lire aussi :

Des milliers de prisonniers évadés suite à l’attaque de gangs armés contre le Pénitencier national