Akò Montana enfòme popilasyon an li pa patisipe nan okenn diskisyon ni manèv pou mete moun nan gouvènman an

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Montana enfòme popilasyon an li pa patisipe nan okenn diskisyon ni manèv pou mete moun nan gouvènman an

Montana enfòme popilasyon an li pa patisipe nan okenn diskisyon ni manèv ak okenn manm konsèy prezidansyèl tranzisyon an pou plase moun nan gouvènman an.

Pi lwen, Montana di l konstate Konsèy prezidansyèl tranzisyon an mennen yon pwosesis ki pa koresponn ak sa Akò 3 avril la te prevwa pou chwazi yon Premye minis ak pou monte yon gouvènman sovtaj nasyonal ki pa dwe rezilta yon seri traktasyon pataje gato.

“Jan yo fè l la, se nan kontinye metòd tradisyonèl pou febli pèsonalite yo chwazi pou vin dirije gouvènman an epi mete tèt yo an pozisyon pou egzije moso gato” se sa Montana souliye nan yon lèt tou louvri li voye bay manm konsèy la.

Pozisyon sa a Montana pran nan sa ki gen pou wè ak fòmasyon gouvènman an, sa vle di l pran distans li ak moun konseye prezidansyèl Fritz Alphonse Jean ta pwopoze pou dirije Ministè edikasyon nasyonal ak ministè kilti.

<img aria-describedby="caption-attachment-161428" data-attachment-id="161428" data-permalink="https://www.juno7.ht/accord-du-21-decembre-2022-violons-laccord-de-montana/2137c538-c34f-4c7d-b0ea-13cb74ca1e9f/" data-orig-file="https://i0.wp.com/www.juno7.ht/wp-content/uploads/2022/12/2137C538-C34F-4C7D-B0EA-13CB74CA1E9F.jpeg?fit=1200%2C630&ssl=1" data-orig-size="1200,630" data-comments-opened="1" data-image-meta=" Juno7

Li tou :

Garry Conille: ” 75% des centres hospitaliers sont inaccessibles dans le pays”

 ” data-image-title=”Accord du 21 décembre 2022 : les violons ne s’accordent pas au sein de l’accord de Montana” data-image-description=”” data-image-caption=”<p>Photo: Ody Bien-Eugène