Biwo Suivi Akò Montana mande pou konsèy prezidansyèl la pibliye akò 3 avril la nan “Le Moniteur”

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Getting your Trinity Audio player ready…

Biwo Suivi Akò Montana mande pou konsèy prezidansyèl la reyini ak sektè yo pou rive pibliye akò 3 avril la nan “Le Moniteur”.

Nan yon lèt tou louvri li voye bay manm konsèy prezidansyèl tranzisyon an nan dat 7 jen 2024 la, Biwo Suivi Akò Montana (BSA) mande pou manm konsèy la reyini ak sektè yo pou rive pibliye akò 3 avril la ki se bousòl tranzisyon an, pou pèmèt popilasyon an konnen kote l kanpe nan tranzisyon sa a, ki batay zouti sa a pèmèt li mennen pou fè respekte revandikasyon l.

Nan lèt sila a ki pote siyati Magali Comeau Denis, Jacques Ted Saint Dic, Ginette Cherubin ak lòt ankò, BSA a fè konnen 6 semèn apre enstalasyon konsèy la fèt, li poko pran wout pou respekte angajman l te pran ansanm ak sektè yo devan sosyete a. Pi lwen, li denonse konsèy la li di nan tèt kole ak gouvènman demisyonè a, pibliye yon dekrè kote li efase tout referans ak konsansis ki mete l kote l ye a epi chwazi al mare kòd lonbrik li ak pouvwa 21 desanm lan.

“Pèsiste nan lojik pa pibliye Akò a se fè tranzisyon an tounen yon savann kote konsèy la fè sa li vle jan li vle epi anpeche sosyete a gen yon lòn pou mezire zak li yo. Nan sans sa a, Akò a prevwa alapapòt pou manm Konsèy la mete tèt yo an règ avèk lalwa nan yon maksimòm 30 jou apre enstalasyon yo, jan sa ekri nan Akò a avèk nan Lwa sou Deklarasyon Patrimwa n” se sa nou ka li nan lèt sila a.

Pi lwen, BSA fè konnen depi 25 me, menmjan ak tout popilasyon an l ap tann anons ki fè konnen manm konsèy la ranpli fòmalite pou mete tèt yo an règ ak lalwa. Toutfwa, Biwo Suivi Akò Montana a souliye pandan gen anpil rimè kòripsyon k ap kouri sou detounman lajan ransèyman Palè Nasyonal, sou kòb ki ta bay pou sèten kandida rive kowòdonatè Konsèy la oswa Premye minis, li enpòtan pou obligasyon sa a respekte san delè pou sosyete a konnen sa k ap fè ak konseye ki pa an règ yo epi pèmèt evalyasyon patrimwa n yo klè lè konseye yo ap kite fonksyon an.

À lire aussi:

Victime d’un malaise respitratoire, l’état de santé du PM Garry Conille se stabilise