Edgard Leblanc Fils swete fèt Sen Jan Batis la ap pi bèl lòt ane nan Miragwa n

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Nan okazyon fèt Sen Jan Batis la nan Miragwa n, prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils di l swete fèt la pi bèl lòt ane.

Jodi lendi 24 jen 2024 la make dat selebrasyon fèt Sen Jan Batis nan Miragwa n. Nan okazyon an, prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils ki soti nan zòn sa a voye yon gwo kokennchenn salitasyon bay pitit zòn nan pandan l swete yo bòn fèt.

Nan mesaj li a, Edgard Leblanc Fils di l remèsye toudabò Reveran Pè Jean Charles Wisly, kire ko-katedral Sen Jan Batis la pou selebrasyon espesyal fèt ane sa a. Li pwofite pou l remèsye tou, majistra kominal la, madam Anne MyriamLoiseau pou envitasyon li te fè l pou l prezan nan fèt la, men responsablite l genyen jodi a nan tèt Leta a, kòm Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, pa pèmèt li nan selebrasyon fèt la ane sa a.

“Mwen remèsye tout manm Komite Preparasyon fèt patwonal ane sa a pou antouzyas, devouman ak chalè kè kontan yo mete nan tout katye pou fè vil la pwòp, bèl” se sa nou ka li nan deklarasyon Edgard Leblanc Fils la. Toujou nan diskou l, Edgard Leblanc di piu depatman Nip, l ap ankouraje anpil envestisè vin pote kole pou bay ekonomi an jarèt, kreye travay, bouste lespwa ak lavi nan tout komin yo.

À lire aussi:

Le président William Ruto a remis le drapeau kényan au premier contingent de policiers en route pour Haïti