Trophées UNFP: kijan w kapab vote pou Melchie Dumornay ?

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Trophées UNFP: kijan w kapab vote pou atakant ayisyèn lan Melchie Daelle Dumornay ?

Atakant ayisyèn lan, Melchie Daelle Dumornay, nome nan Trophées UNFP pou kategori “Meyè espwa feminen” nan chanpyona fransè lakay medam yo ki rele D1 Arkema. Grenadyèz la an konkirans avèk 4 lòt jwez pou pri sa. Si w gen difikilte pou w vote, redaksyon Juno7 la ap eksplike w kijan w ka fè sa lè w swiv etap yo.

Premye bagay w ap fè se ale sou sit entènèt Trophées UNFP a ki se https://www.tropheesunfp.com

Lè w fin monte sou li, w ap wè anba “Les Nommés” a yo bay plizyè opsyon, w ap glise adwat pou w klike sou “D1 Arkema”.

Lè w fin rantre nan opsyon “D1 Arkema” a, w ap desann nan kategori “Meilleure espoir féminin”.

Lè w rive w ap wè foto nome yo, w ap tape sou imaj pa Melchie Dumornay epi sou “Voter”. Lè w fin tape w ap wè vòt ou an konfime lè pousantaj vòt la monte anba foto a epi yo di w “Mèsi”.

Vote pou Melchie ki an konpetisyon ak yon koyekipyè l, 2 jwez PSG ak youn ki sot nan Paris FC. Pri yo ap remèt 13 me k ap vini la nan vil Pari.

Li tou :

Des gangs armés ont attaqué les personnes handicapées du Foyer St Vincent