ADIH denonse zak kraze brize k ap fèt kont plizyè antrepriz ak enstitisyon nan peyi a

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Asosyasyon Endistri Dayiti (ADIH) denonse zak kraze brize k ap fèt kont plizyè antrepriz ak enstitisyon nan peyi a dènye sa yo.

Fas ak sitiyasyon vyolans ki gen nan peyi a dènye tan sa yo, Asosyasyon Endistri Dayiti (ADIH) nan yon nòt pou laprès denonse zak kraze brize k ap fèt kont plizyè antrepriz ak enstitisyon tankou lopital, famasi, lekòl, legliz, peristil dènye tan sa yo nan peyi a.

Fas sitiyasyon sa yo, Asosyasyon an pwofite mande tout sitwayen ak sitwayèn konsekan nan peyi a, pou yo pran konsyans. “Zak destriksyon sa yo se plis mizè y ap pote pou nou tout ak pou jenès la, ki pral lage de bra balan” se sa nou ka li nan nòt la.

Pi lwen, ADIH fè yon ti pase sou zak kriminèl ki te fèt nan Pak endistriyèl Digneron kote nèg ak zam boule prèske sa yo jwenn. Nan sans sa a Asosyasyon an rete kwè ant 10.000 ak 20.000 moun ki te benefisye dirèkteman oubyen endirèkteman de travay sa yo nan Digneron, vin lage de bra pandye.

Dekouvri plis:

L’OEA vote une résolution saluant la mise en place du CP, et appelle à soutenir les forces de sécurité en Haïti