LANSE-Haïti di l ap kontinye suiv pwosesis deziyasyon premye minis lan jis li rive nan bout li

The content originally appeared on: juno7 – Haïti News

Getting your Trinity Audio player ready…

Òganizasyon LANSE-Haiti fè konnen l ap suiv pwosesis pou chwazi yon premye minis pou dirije tranzisyon an jis li rive nan bout li

Se nan yon nòt ki pote siyati Frantz Souverain, Moïse Elius, Adler Elcine ak Maximot Saintima nan dat 28 me 2024 la, òganizasyon LANSE-Haïti di l note desizyon konsèy prezidansyèl tranzisyon an pran pou kenbe 5 kandida nan pwosesis pou chwazi yon premye minis pou dirije tranzisyon an, pandan l envite kandida yo vin di kòman yo pral mete an aplikasyon fèy dewout ki trase nan akò 3 avril 2024 la.

Pi lwen, LANSE-Haïti remèsye pwofesè Gerald Germain ki apre anpil bwase lide te aksepte depoze dosye l pou okipe pòs Premye Minis tranzisyon an, nan lide pou l pote konesans li, konpetans li ak eksperyans li pou tranzisyon an te ka reyisi. Li pwofite remèsye tout lòt estrikti ak òganizasyon ki te andose chwa ansyen minis Gérald Germain an.

Toujou nan nòt sa a, LANSE-Haïti fè konnen l ap kontinye suiv pwosesis la jiskaske l fini pandan l raple ak 9 manm konsèy prezidansyèl yo ak pati prenant yo, obligasyon yo genyen pou respekte ak aplike tout sa ki di nan akò 3 avril 2024 la, pandan y ap mete sou kote tout enterè pèsonèl ak enterè gwoup, nan lide pou priyorize enterè Ayiti.

À lire aussi :

28 mai 2022 : décès du beatmaker Fred Hype